Font Size
1 Jan 5:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Jan 5:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
14 Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou. 15 Epi si nou konnen l ap koute nou, nou konnen nou genyen sa nou mande l la.
16 Si yon moun wè frè li oubyen sè li ap komèt yon peche, (yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl), li ta dwe priye pou Bondye bay moun sa a lavi, moun sa a k ap komèt yon peche ki pa mennen nan lanmò etènèl. Men genyen yon peche ki mennen nan lanmò etènèl, se pa pou li m ap mande nou priye.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International