Add parallel Print Page Options

18 Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li.[a] Satan pa gen dwa touche l. 19 Nou konnen nou se pitit Bondye epi tou mond lan rete anba pouvwa Satan. 20 Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:18 Pitit Bondye a ap veye sou li Literalman, “Moun Bondye te bay nesans lan ap pwoteje l” oubyen “… ap pwoteje pwòp tèt li”.