Add parallel Print Page Options

Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou. Kilès ki gen laviktwa sou mond lan, èske se pa moun ki kwè Jezi se Pitit Bondye a?

Bondye te pale nou de Pitit li a

Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san.[a] Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:6 dlo epi pa mwayen san Li pwobab pou sa ta yon referans ki fèt sou dlo batèm Jezi a epi san li te vèsè sou kwa a.