Font Size
1 Korentyen 1:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Pwoblèm divizyon nan legliz Korent
10 Frè m ak sè m yo, Senyè nou Jezikris mande nou pou nou antann nou. Pa dwe gen divizyon nan mitan nou. Mete tèt nou ansanm pou nou gen menm panse, pou nou pataje menm konviksyon.
11 Mwen di sa paske kèk moun ki soti lakay fanmi Kloye fè m konnen gen divizyon nan mitan nou. 12 Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè[a] m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!”
Read full chapterFootnotes
- 1:12 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 3:22; 9:6; 15:5.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International