Font Size
1 Korentyen 1:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 1:16-18
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
16 A wi, mwen batize moun lakay Estefanas! Apre sa mwen pa sonje mwen batize pèsonn ankò. 17 Kris la pa t voye m vin batize moun, ni pale bèl pawòl lèzòm, men li te voye m preche Bòn Nouvèl: Konsa, lakwa[a] Kris la p ap pèdi puisans li!
Puisans ak sajès Bondye nan Jezikris
18 Mesaj lakwa a sanble ak pawòl moun fou pou sila yo k ap viv san Bondye. Poutan, mesaj la se puisans Bondye sèvi pou sove nou.
Read full chapterFootnotes
- 1:17 lakwa Paul sèvi mo kwa (lakwa) tankou yon imaj Bòn Nouvèl la: istwa lanmò Kris la pou peye dèt peche lèzòm. Lakwa (sa vle di lanmò Kris la) se fason Bondye chwazi pou sove moun.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International