Add parallel Print Page Options

26 Frè m ak sè m yo, nou menm Bondye rele, gade pami nou pou nou wè si gen anpil moun saj selon lèzòm, oswa moun ki gen pouvwa, oswa ki soti nan gran fanmi. 27 Okontrè, Bondye chwazi sa ki sanble san sans nan je lèzòm pou l fè moun saj yo wont. Li chwazi sa ki fèb pou l fè moun ki gen pouvwa yo wont. 28 Li chwazi sa lèzòm meprize, sa moun konsidere san valè pou l detwi sa yo ki gen valè.

Read full chapter