Add parallel Print Page Options

Kèk prensip pou reyinyon nou yo

Mwen fè nou konpliman paske nou toujou sonje m. Nou toujou fè efò pou mete ansèyman m yo an pratik, jan m te ban nou yo a. Epi, men kèk bagay mwen ta renmen eksplike nou, paske se vre, se Kris ki alatèt tout gason yo, alatèt madanm nan se gason an[a] epi se Bondye ki alatèt Kris.

Yon gason, k ap priye an piblik oswa k ap pwofetize ak tèt li kouvri, ap fè chèf li wont.

Read full chapter

Footnotes

  1. 11:3 gason an Li ka vle di tou “mari li.”