Add parallel Print Page Options

27 Jan Bib la di a, “Bondye gen pou mete tout bagay anba kontwòl li.”[a] Lè l di tout bagay anba kontwòl li klè Bondye pa fè pati tout bagay yo. Dayè se Bondye li menm k ap mete tout bagay anba kontwòl Kris la. 28 Lè Kris la fin pran kontwòl tout bagay, Pitit la li menm ap anba kontwòl sila a ki te mete tout bagay anba kontwòl li a. Lè sa a Bondye ap sèl chèf sou tout bagay.

29 Si moun ki mouri p ap resisite, kisa moun k ap batize pou mò yo kwè y ap fè? Si moun ki mouri p ap resisite a ki fen moun k ap batize pou mò yo fè sa y ap fè a?

Read full chapter

Footnotes

  1. 15:27 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:6.