Add parallel Print Page Options

12 Bondye fè pwofèt yo konnen sèvis yo t ap fè a se pa t pou yo menm. Men se nou menm yo t ap sèvi lè yo te pale sou bagay nou tande kounye a granmesi moun k ap preche levanjil yo. Moun sa yo pale ak puisans Sentespri a ki soti nan syèl. Menm zanj yo ta renmen konnen plis sou bagay sa yo nou tande a.

Annou viv yon lavi ki dwat devan Bondye

13 Se poutèt sa, mete tèt nou an plas pou n sèvi Bondye. Kontwole tèt nou, mete tout espwa nou nan kado nou pral resevwa lè Jezi va retounen. 14 Obeyi Bondye. Piga nou swiv move dezi nou te gen lontan yo, lè nou pa t gen bon konprann nan.

Read full chapter