Add parallel Print Page Options

Vin jwenn li pou Bondye ka sèvi avèk nou menm tou tankou wòch vivan pou l bati yon tanp[a] espirityèl. N ap fòme yon kominote prèt ki sen, k ap ofri li sakrifis espirityèl ki bon, pa mwayen Jezikris. Bib la di:

“Gade, mwen te chwazi yon wòch kwen ki gen anpil valè,
    mwen mete wòch sa a nan Siyon kòm wòch ki pi enpòtan an.
Moun ki mete konfyans yo nan li
    p ap janm wont.”[b]

Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo:

“Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
    vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”[c]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:5 tanp Literalman, “kay”, lakay Bondye, plas kote pèp Bondye a ap adore l. Isit la, li vle di kwayan yo se tanp espirityèl la kote Bondye ap viv.
  2. 2:6 Sitasyon sa a soti nan Eza 28:16.
  3. 2:7 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:22.