Font Size
1 Tesalonisyen 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Tesalonisyen 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Rezilta a se lè ou menm tou, frè m ak sè m yo, ou vin sèvi yon modèl pou tout frè ak sè nan Kris k ap viv nan Masedwàn ak nan Akayi. 8 Se depi soti Tesalonik, mesaj pawòl Bondye a gaye nan tout Masedwàn ak nan Akayi. Konsa, toupatou kote nou pase y ap pale sou kalite lafwa nou nan Bondye. Konsa nou pa t bezwen di anyen ankò. 9 Tout moun ap pale sou jan w te byen resevwa nou. Tout moun ap pale sou kijan w te sispann adore zidòl pou w te ka vin sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International