Add parallel Print Page Options

Jezi gen pou l retounen

13 Nou pa ta vle pou n nan lapenn konsènan moun sa yo ki mouri deja, pou ou pa aflije menm jan ak sila yo ki pa gen okenn espwa. 14 Nou kwè Jezi te mouri, men nou kwè tou li te resisite. Konsa nou kwè Bondye ap resisite, pa mwayen Jezi, sila yo ki te gen konfyans nan li epi ki te mouri, l ap rasanble yo pou yo ansanm avè l.

15 Mesaj nou pote ba ou a, se Senyè a ki voye l. Nou menm ki vivan toujou lè Jezi retounen, nou p ap pran devan sa yo ki gentan mouri.

Read full chapter