Font Size
1 Timote 1:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 1:3-5
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Avètisman kont fo doktrin
3 Menm jan m te di w deja lè m t ap pati al Masedwàn nan, se pou ou rete nan Efèz. Gen kèk moun nan vil la k ap anseye doktrin ki pa vre, se pou w egzije yo sispann fè sa. 4 Di yo pou yo sispann pèdi tan yo nan rakonte istwa pase ki pa menm gen sans, ak nan fè lis non gran gran paran yo, sa p ap itil yo anyen. Bagay sa yo se nan vye diskisyon y ap lage nou. Yo pa fè travay Bondye a avanse, yon travay ki fèt sèlman pa lafwa. 5 Objektif lòd sa a, se pou yo ka gen lanmou ki soti nan yon kè ki pwòp, ak yon konsyans ki klè epi nan yon lafwa ki sensè.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International