Font Size
1 Timote 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Yo vle pou moun konsidere yo kòm moun k ap anseye lalwa,[a] men yo pa konn sa y ap di. Yo pa menm konprann anyen nan sa yo di yo konnen trè byen an.
8 Nou konnen lalwa se yon bon bagay, si ou sèvi avè l jan sa dwe fèt. 9 Nou konnen tou, lalwa pa fèt pou moun k ap fè zafè yo jan Bondye vle. Li fèt pou rebèl ki kont regleman yo epi ki refize obeyi yo. Li fèt pou moun k ap fè peche, ki pa renmen Bondye ni bagay ki fè Bondye plezi. Li fèt pou moun k ap touye manman ak papa yo ak pou moun k ap asasinen moun.
Read full chapterFootnotes
- 1:7 lalwa Pwobableman, lalwa Bondye te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International