Font Size
1 Timote 2:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 2:9-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
9 Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo. 10 Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se konsa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye.
11 Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International