Add parallel Print Page Options

10 Se pou nou mete yo nan travay pou egzamine yo anvan. Apre sa, si nou pa gen anyen pou n repwoche yo, lè sa a, yo va sèvi kòm dyak.

11 Se menm bagay pou medam[a] yo tou. Yo dwe moun ki fè respè yo. Yo pa dwe nan pale moun mal. Yo dwe moun ki kontwole tèt yo byen, moun yo fè konfyans nan tout bagay.

12 Moun ki dyak yo, se moun ki fidèl ak madanm yo epi se pou yo kapab dirije timoun yo byen, ansanm tout fanmi yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:11 medam Li pwobab se kèk dam ki t ap sèvi Bondye yon fason espesyal (gade nan Wòm 16:1). Yo te kapab tradui l, “madanm lidè yo” tou, madanm sèvitè espesyal yo, men pa gen okenn mo ki di sa nan tèks Grèk la.