Font Size
1 Timote 3:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 3:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Men, fòk lidè a san defo. Li dwe fidèl ak madanm li.[a] Li dwe kontwole tèt li byen epi reflechi byen sou jan l ap mennen lavi l. Li dwe gen koutwazi lakay li. Li dwe prèt pou l akeyi moun epi ede yo. Li dwe kapab anseye byen. 3 Li pa dwe bwè twòp alkòl dekwa pou l sou, li pa dwe yon moun ki vyolan. Men li dwe kapab antann li ak moun, li dwe ap chache simen lapè kote l pase, li pa dwe twò renmen lajan. 4 Se pou l yon moun ki dirije kay li byen, epi se pou timoun li yo gen volonte pou obeyi, nan diyite.
Read full chapterFootnotes
- 3:2 fidèl ak madanm li Ekspresyon nou tradui isit la se “yon sèl madanm”. Men lide tèks la se “li pa dwe nan lòt madanm deyò”. Li dwe kontante l, rete ak yon sèl madanm. Gade tou nan vèsè 12 la.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International