Add parallel Print Page Options

Paske tout sa Bondye kreye yo bon. Pa gen anyen pou n refize manje. Sèlman, nou dwe remèsye Bondye pou yo. Tout bagay vin pwòp devan Bondye nan lapriyè ak deklarasyon Bondye fè.

Yon bon sèvitè Jezikris

Anseye frè ak sè yo bagay sa yo. Lè sa a, ou ap yon bon sèvitè pou Jezikris. Sa va montre kijan ou vin gen fòs pa mwayen pawòl verite ki chita konfyans nou nan Bondye, ansanm ak bon ansèyman ou ap swiv la.

Read full chapter