Font Size
1 Timote 5:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 5:10-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
10 Fòk tout moun konnen valè bon bagay li te fè: li te elve timoun li, li te konn byen resevwa moun lakay li, li te konn rann lòt kretyen sèvis nan fason yon sèvant konn fè sa,[a] li te konn ede malere yo epi li te konn fè tout kalite bon bagay.
11 Men, pa mete yon madanm ki pi jèn sou lis vèv yo. Paske lè bezwen fizik yo debranche yo nan angajman ak Kris, yo pral vin vle remarye. 12 Konsa, yo vin koupab nan renonse yo renonse ak premye pwomès yo te fè a.
Read full chapterFootnotes
- 5:10 fason yon sèvant konn fè sa Literalman, “lave pye sen yo”, se te yon koutim nan sosyete, nan premye syèk la. Nan tan sa a, yo te konn mete yon kalite sandal, mache nan labou sal. Lè yon moun konsa rive lakay ou, ou te dwe ede l, retire sandal la, lave pye l epi fè l antre lakay ou pou resevwa l.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International