Add parallel Print Page Options

18 Men sa Bib la di, “Lè w ap fè yon bèt travay pou rekòlte, pa mare bouch li pou l pa manje nan rekòt la”[a]. Epi ankò, “Moun k ap travay la merite gen yon salè.”[b]

19 Pa aksepte akizasyon moun ap pote kont yon ansyen. Fòk ta gen de ou twa temwen pou akize yon lidè. 20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:18 Sitasyon sa a soti nan Det 25:4.
  2. 5:18 Sitasyon sa a soti nan Lik 10:7.