Add parallel Print Page Options

20 Lidè ki komèt yon move bagay, se pou w reprann li devan tout kongregasyon an. Sa va fè lòt yo gen krentif.

21 Men sa m ap kòmande w fè ak tout fòs mwen, devan Bondye, devan Jezikris, ak devan zanj Bondye chwazi yo: Se pou w respekte tout sa m di w la a, san komèt lenjistis, san patipri nan mitan moun yo.

22 Pa prese pou poze men w sou tèt pèsòn. Pa vin konplis nan peche moun. Ou menm, kenbe tèt ou pwòp.

Read full chapter