Font Size
1 Timote 5:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Timote 5:4-6
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
4 Men si yon vèv gen pitit oubyen pitit pitit, fòk timoun yo konnen sa: se yo ki dwe pran swen fanmi yo an premye. Nan fason sa a, y ap rekonpanse paran ak gran paran yo pou sa yo te fè pou yo. Sa a se yon bagay ki fè Bondye plezi. 5 Vèv ki vrèman vèv la, se sila a ki pa gen pèsòn pou pran swen l, ki mete konfyans li nan Bondye, ki toujou gen abitid priye lajounen kou lannuit ap pote rekèt bay Bondye. 6 Men si l ap viv nan pran plezi l, se yon moun mouri li ye, menm si l vivan.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International