Add parallel Print Page Options

13 Kounye a, nan prezans Bondye, li menm ki fè tout bagay egziste, m ap ba w kòmandman sa a. M ap ba ou l tou nan prezans Jezikris ki te bay you bèl temwanyaj nan bèl deklarasyon li te fè devan Pons Pilat la. Mwen mande w: 14 Se pou w obeyi kòmandman ou te resevwa a, pou rete san tach epi san defo, jouktan jou a va rive pou Jezikris retounen. 15 Se Bondye k ap voye Jezikris retounen nan jou li menm li fikse a. Se li sèl ki mèt onorab epi diy sou tout bagay. Li se Wa sou tout wa yo, Senyè sou tèt tout SENYÈ yo.

Read full chapter