Font Size
1 Wa 14:1-3
Haitian Creole Version
1 Wa 14:1-3
Haitian Creole Version
14 ¶ Lè sa a, Abija, pitit gason wa Jewoboram lan, tonbe malad.
2 Jewoboram di madanm li: -Abiye ou yon jan pou pesonn pa rekonèt se madanm mwen ou ye, pati ale lavil Silo. Se la pwofèt Akija rete; se li ki te di m' mwen tapral gouvènen pèp Izrayèl la.
3 W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwo myèl pou fè l' kado, ou v al lakay li. Sèten, l'a fè ou konnen sa ki pou rive pitit gason nou an.
Read full chapter