Font Size
2 Korentyen 1:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 1:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Epi ou menm tou, ou ede nou nan lapriyè ou yo. Konsa, anpil moun ap remèsye Bondye pou nou, paske Bondye beni nou poutèt pwòp priyè yo.
Plan Pòl chanje
12 Men sa k fè nou fyè epi konsyans nou ka sèvi nou temwen: Nan tout sa n ap fè ak tout moun nou an afè, sitou avèk ou menm, nou toujou aji avèk senserite, san okenn move lide nan kè nou. Sajès mond sa a pa ka fè sa, se sèlman ak gras Bondye nou fè sa.[a] 13 Wi, nou pa mete diplis nan sa nou ekri voye ba ou. Nou ekri w sèlman bagay ou kapab li epi konprann.
Read full chapterFootnotes
- 1:12 ak gras … nou fè sa Kèk ansyen kopi Grèk genyen “nou fè sa sentete epi ak onètete ki soti nan Bondye.”
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International