Font Size
2 Korentyen 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 1:7-9
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
7 Nou gen anpil konfyans. Nou konnen ou patisipe nan soufrans nou. Konsa tou, nou konnen ou ap patisipe nan konsolasyon nou tou.
8 Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò. 9 Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International