Add parallel Print Page Options

Frè m ak sè m yo, nou vle fè nou konnen ki valè soufrans nou te rankontre nan Lazi. Nou te jwenn plis pase sa nou ka sipòte, jouktan nou te menm panse nou pa t ap viv ankò. Wi, nan lide pa nou, nou te panse nou t ap mouri. Sa rive konsa, pou nou sispann kwè nan pwòp fòs nou, men pou nou mete konfyans nou nan Bondye pito. Se li menm ki konn resisite moun mouri. 10 Li delivre nou anba gwo danje lanmò. E nou konnen l ap kontinye delivre nou. Se sa ki ban nou asirans, l ap delivre nou asireman.

Read full chapter