Add parallel Print Page Options

Wi, mwen te gen anpil dlo nan je m lè m t ap ekri lèt m te voye anvan an. Kè m te tris. Mwen te gen anpil enkyetid, men mwen pa t janm gen nan tèt mwen pou m fè nou lapenn, mwen te plis vle fè nou konnen kijan mwen renmen nou.

Pòl mande padone yon moun ki te aji mal

Gen youn pami nou ki te fè yon bagay ki bay tristès. Men lè w byen gade, tristès la pa t pou mwen sèlman; li te pou nou tout. (Mwen pa vle egzajere pou fè bagay la parèt pi grav pase sa l te ye a.) Pinisyon majorite moun legliz la te ba li a sifi.

Read full chapter