Add parallel Print Page Options

Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou. 10 Se chak minit nou fè eksperyans lanmò Kris la nan pwòp kò nou. Konsa tou, se chak minit moun ka wè lavi Kris la nan nou. 11 Nou vivan, se vre, men se chak jou nou pase touprè lanmò poutèt Jezi. Se sa k fè li fasil pou moun wè lavi Jezi nan kò nou ki gen pou mouri.

Read full chapter