Add parallel Print Page Options

18 Tout sa soti nan Bondye: Li rekonsilye nou ak li menm pa mwayen Kris la. Li ba nou travay pou fè lòt moun vin rekonsilye avè l. 19 Wi, se Bondye li menm ki rekonsilye lemonn avèk limenm pa mwayen Kris la. Nan Kris la, Bondye pase yon trè sou peche nou yo. Apre sa li ba nou mesaj rekonsilyasyon an. 20 Konsa, nou se anbasadè Kris la. Bondye sèvi ak nou pou l rele lòt moun. Se nan non Kris la nou pale, n ap chache konvenk moun pou yo retounen byen ak Bondye ankò.

Read full chapter