Add parallel Print Page Options

Bondye di:

“Nan pi bon moman an, mwen te tande w
    nan jou delivrans lan mwen te pote w sekou.”[a]

Ebyen, kounye a menm se moman favorab la. Kounye a menm se jou delivrans lan.

Nou fè sa nou kapab pou nou pa fè sa k pa sa devan okenn moun, paske nou vle fè yon travay san repwòch. Okontrè, nou fè tout bagay yon jan ki montre nou se sèvitè Bondye vre. Nou sipòte avèk pasyans moman tristès, moman lapenn yo ak tout kalite kalamite.

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:2 Sitasyon sa a soti nan Eza 49:8.