Font Size
2 Korentyen 6:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 6:6-8
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
6 Nou montre nou se sèvitè Bondye vrèman nan jan nou mennen yon lavi san detou ak konpreyansyon, ak pasyans, ak jantiyès. Nou montre li ak prezans Sentespri nan lavi nou, ak yon lanmou otantik, 7 nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.
8 Gen moun ki fè lwanj pou nou, gen lòt ki kouvri nou ak wont. Gen moun ki di bon bagay sou nou, gen lòt ki di move bagay. Gen moun ki trete nou de blofè, menmsi nou di verite a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International