Add parallel Print Page Options

Mwen p ap pase nou lòd pou nou bay. Men, mwen vle gade sèlman nan ki nivo nou gen yon lanmou ki reyèl lè m konpare l ak volonte lòt moun manifeste pou ede. Nou konnen deja kijan Senyè nou an, Jezikris, te manifeste gras li. Malgre li te gen anpil richès, li te vin tounen pòv pou byen nou. Povrete li tounen yon richès pou nou.

10 Nan kesyon n ap trete a, men sa m panse ki pi bon: ane pase nou te premye gwoup ki te vle kolekte ofrann nan, epi se nou ki te kòmanse l an premye.

Read full chapter