Add parallel Print Page Options

Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan

An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay.

Read full chapter