Font Size
2 Korentyen 9:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Korentyen 9:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan
9 An reyalite, li pa menm nesesè pou m ekri nou sou sijè èd sa a pou pèp Bondye a. 2 Mwen konnen devouman nou pou nou ede, epi mwen gentan di moun Masedwàn yo kijan mwen fyè de nou. Mwen di yo: kretyen pwovens Akayi yo gentan pare depi ane pase pou ofrann nan. Lè yo tande devouman nou, sa te ankouraje anpil moun, yo te pare pou yo bay. 3 Poutan, mwen voye frè sa yo pou m ka asire nou pare toutbon vre epi se pa san rezon mwen fyè de nou an.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International