Font Size
2 Pyè 3:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Pyè 3:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jezi ap retounen
3 Zanmi m yo, sa se dezyèm lèt m ap ekri nou. Nan toulede, m ap chache fè n sonje kèk bagay nou konnen deja, pou m kapab ede n reflechi yon fason ki dwat. 2 M ta renmen nou sonje pawòl pwofèt ki apa pou Bondye yo te konn ap di nan tan pase yo. Se pou n sonje kòmannman apot nou yo te ansenye nou tou: se kòmannman Senyè a ak Sovè a yo ye.
3 Li enpòtan pou n konnen kijan sa pral pase nan dènye tan an. Se nan rizib moun pral pase nou, poutèt ansèyman nou te resevwa a. Yo pral kontinye viv nan move bagay sal yo vle fè yo.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International