Add parallel Print Page Options

15 Sonje se grenmesi pasyans Senyè a nou sove. Se sa frè byenneme nou an, Pòl, di nan sa l ekri ak sajès Bondye ba li. 16 Se sa li ekri nan tout lèt li yo. Gen pasaj nan sa li ekri yo ki difisil pou moun rive konprann. Se rezon sa a ki fè kèk inyoran, moun ki pa merite yo fè yo konfyans, chanje sans yo epi entèprete yo mal. Dayè, yo fè menm bagay nan anpil lòt pasaj nan Bib la. Men lè y ap fè sa, se detwi y ap detwi pwòp tèt yo.

17 Men pou nou menm, byenneme, kounye a mwen fè n konn sa. Pridans! Pa kite lènmi Bondye yo twonpe nou, pa kite yo pouse nou fè menm fot ak yo. Se konsa n ap rete fèm nan lafwa nou.

Read full chapter