Add parallel Print Page Options

Men, byenneme m yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: “Pou Senyè a, yon jou se menm jan ak mil an, epi mil an se menm jan ak yon jou. Senyè a pa an reta nan akonpli pwomès li yo, jan kèk moun konprann li an reta a. Men se pasyans li genyen pou nou konsa. Li pa vle okenn moun peri, men pou tout moun rive repanti.”

10 Lè Senyè a ap vini, se sanzatann, menm jan ak lè yon vòlè ap vin vòlè. Jou sa a, syèl la ap fè yon bri tèrib epi l ap disparèt. Dife ap detwi tout bagay yo ki nan syèl la. Tè a ansanm ak zak abitan l yo pral jije.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:10 yo pral jije Kèk nan kopi yo, oubyen ansyen vèsyon Grèk yo genyen “yo pral boule nan dife”, epi gen youn ki genyen “y ap disparèt”.