Font Size
2 Samyèl 21:9-11
Haitian Creole Version
2 Samyèl 21:9-11
Haitian Creole Version
9 Li lage yo nan men moun Gabawon yo ki pann yo sou yon ti mòn devan Seyè a. Yo tou lesèt mouri ansanm. Lè sa a, se te fen sezon prentan, yo te fèk konmanse rekòt lòj la.
10 ¶ Apre sa, Rispa, pitit Ayi a, pran yon rad sak, li vlope kò l' ladan l', li al chita sou wòch kote kadav yo te ye a. Li rete la depi nan konmansman rekòt la jouk sezon lapli a rive. Lajounen li t'ap chase zwazo ki te vle vin poze sou kadav yo. Lannwit li t'ap kouri dèyè bèt nan bwa ki te vle vin devore yo.
11 Y' al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.
Read full chapter