Font Size
2 Samyèl 9:1-3
Haitian Creole Version
2 Samyèl 9:1-3
Haitian Creole Version
9 ¶ Yon jou, David mande: -Pa rete yon moun menm nan fanmi Sayil la? Si genyen, mwen ta renmen aji byen avè l' poutèt Jonatan.
2 Te gen yon domestik ki t'ap travay lakay Sayil ki te rele Ziba. Yo fè chache l', yo mennen l' bay wa a. Wa a mande l': -Se ou menm nonm yo rele Ziba a? Li reponn: -Wi, monwa. Mwen la pou m' sèvi ou.
3 Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.
Read full chapter