Add parallel Print Page Options

Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.[a] Malfèktè sa a ap leve kanpe pou mete tèt li pi wo pase tout sa moun adore oubyen panse yo dwe adore. Li gen pou l menm antre nan tanp[b] Bondye a, l ap chita sou twòn nan epi l ap pwoklame li se Bondye.

Nou menm Tesalonik, nou pa sonje lè mwen te avèk nou mwen t ap plede di nou tout bagay sa yo?

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:3 destine pou destriksyon an Literalman, “pitit destriksyon an”.
  2. 2:4 tanp Li pwobab se Tanp ki nan Jerizalèm nan. Gade Tanp nan Lis Mo yo.