Add parallel Print Page Options

Lè m ap sonje dlo nan je w, m ta byen renmen rewè w pou kè m ka ranpli ak lajwa. Mwen sonje kijan ou gen yon lafwa ki sensè. Se konsa Loyis, grann ou te ye epi apre sa, manman w Enis te konsa tou anvan w. M wè se menm lafwa sa a ki nan ou tou, mwen sèten se vre. Se poutèt sa m ap fè w sonje sa: kenbe flam don Bondye ba w la byen limen. Don ou te resevwa lè m te poze men m sou tèt ou a.

Read full chapter