Font Size
2 Timote 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Timote 2:14-16
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Yon ouvriye ki fè Bondye plezi
14 Fè tout moun sonje sa. Devan Bondye, se pou w rekòmande moun yo avèk fòs pou yo pa batay sou yon seri de mo. Sa p ap sèvi anyen, sa ap fin demoli moun k ap koute yo sèlman. 15 Ou menm, fè tout sa w kapab pou w prezante w san repwòch devan Bondye, yon moun k ap travay pou Bondye, ki kontan nan sa l ap fè epi k ap preche mesaj Bondye korèkteman.
16 Pa antre nan vye diskou ki pa gen okenn sans, ki pa ale nan menm sans ak lafwa. Wi, moun konsa, se moun k ap ale pi lwen Bondye tanzantan.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International