Add parallel Print Page Options

17 Move ansèyman yo ap vale tèren menm jan ak yon maladi ki anndan yon kò. M ap pale de Imene ak Filèt: 18 Yo vire ale lwen verite a epi y ap kraze lafwa plizyè moun, lè y ap di rezireksyon an gentan rive deja.

19 Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”.[a] Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:19 Sitasyon sa a soti nan Nb 16:5.