Font Size
2 Timote 3:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Timote 3:11-13
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
11 Ou konnen kijan yo te atake m di, ak tout soufrans mwen te konnen nan Antyòch ki nan Pisidi a, nan Ikòn, nan List. Wi, mwen soufri anpil. Poutan, Senyè a delivre m anba tout latwoublay sa yo. 12 Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon. 13 Men mechan yo k ap fè bagay pou twonpe moun yo, yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo. Y ap mache twonpe moun epi lòt moun menm ap twonpe yo tou.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International