Add parallel Print Page Options

10 Pou rezon sa a, lè m a rive bò kote nou m va devwale tout vye zak l ap fè yo. Non sèlman li pa resevwa moun yo, men li menm anpeche lòt moun resevwa yo. Li menm ap eseye mete yo deyò nan legliz la.

11 Zanmi m, pa imite sa ki mal. Imite sa ki bon. Nenpòt moun ki fè sa ki byen se pitit Bondye li ye. Men moun k ap fè sa ki mal pa t janm konnen Bondye.

12 Tout moun yo nan legliz la ap bay bon temwayaj pou Demetriyis. Temwayaj sa a dakò ak verite a. Epi nou menm tou n ap bay temwayaj pou li. Ou konnen sa n ap di yo se verite a.

Read full chapter