Font Size
Travay 3:22-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 3:22-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
22 Sou koze sa a, men sa Moyiz te ekri: Senyè Bondye nou an ap voye yon pwofèt ban nou menm jan li te voye m nan. Se youn nan pami nou l ap ye. Nou fèt pou n bay tout pawòl li di nou yo valè. 23 Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.[a]
24 Depi pwofèt Samyèl, pase pran tout lòt pwofèt ki te vin apre l yo, yo tout te anonse tan sa t ap vini. 25 Mesaj sa yo Bondye te fè pwofèt li yo anonse, se pou nou menm moun Izrayèl yo ye, epi tou nou gen pòsyon pa nou nan kontra Bondye te fè avèk zansèt nou yo. Men sa Bondye te di Abraram: Akoz pitit ou yo, tout fanmi sou latè va jwenn benediksyon.[b]
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International