Travay 8-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn.
Pèsekisyon kont kwayan yo
Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm. 2 Kèk moun ki te renmen Bondye te antere Etyèn epi yo te kriye anpil pou li. 3 Sòl li menm te soti pou detwi legliz la. Li mache kay an kay al trennen tout moun ki kwè nan Kris yo mete deyò, li fè fèmen fanm tankou gason nan prizon. 4 Disip ki te oblije gaye yo menm t ap mache preche Bòn Nouvèl Levanjil la tout kote yo pase.
Filip preche Bòn Nouvèl la nan Samari
5 Filip[a] desann nan vil Samari epi li tonbe preche moun nan vil la mesaj Kris la. 6 Foul moun yo nan Samari te koute tout sa Filip t ap di avèk anpil atansyon. Non sèlman yo te tande li, men yo te wè mirak li t ap fè yo tou. 7 Anpil nan moun sa yo ki te gen move lespri sou yo te geri. Move lespri yo te pouse gwo rèl, apre sa yo soti sou moun yo. Anpil moun ki te paralize ak estwopye te geri tou. 8 Lè sa a, moun nan vil la te kontan anpil anpil.
9 Te gen yon nonm nan vil Samari yo te rele Simon. Se Simon sa a ki te sèl kòk chante, anvan Filip te vin nan zòn nan. Li te konn ap fè anpil maji ki te konn fè moun Samari yo sezi. Li te menm konn ap bat lestomak li pou di li se yon moun ki pa kanmarad lòt moun. 10 Tout moun, ti malere tankou gwo chabrak yo, te kwè nan sa l ta p fè yo, yo t ap di: “Nonm sa a gen pouvwa Bondye sou li, sa yo rele gwo pouvwa a.” 11 Simon te tèlman gen lontan depi l ap fè maji devan je pèp la, yo te sezi wè sa l t ap fè yo epi yo te vin fanatik li. 12 Men, Filip te pwofite preche Bòn Nouvèl wayòm Bondye a epi li t ap rakonte yo bagay ki konsène Jezikris, la devan pèp la. Gason tankou fi te kwè mesaj Filip te preche a epi yo te resevwa batèm. 13 Simon li menm te kwè tou. Apre l fin batize, li te rete ansanm ak Filip tout kote Filip pase. Lè Simon te wè tout bèl bagay ak gwo mirak Filip t ap fè yo, li te sezi.
14 Apot yo nan Jerizalèm te aprann moun Samari yo te aksepte Bòn Nouvèl la. Konsa, yo voye Pyè ak Jan al vizite yo. 15 Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo priye pou kwayan yo kapab resevwa Sentespri a. 16 Paske moun sa yo nan Samari te resevwa batèm nan non Senyè Jezi, men yo pa t ko resevwa Sentespri a. 17 Lè Pyè ak Jan fin priye pou yo epi mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri a.
18 Lè Simon wè Sentespri a desann sou kwayan yo lè apot yo mete men sou tèt yo, li ofri apot yo lajan. 19 Li di yo: “Ban m kalite pouvwa sa a pou lè m mete men m sou yon moun, li ka resevwa Sentespri a tou.”
20 Men, Pyè di li: “Ou pral peri ak tout lajan w lan, poutèt ou panse ou kapab achte kado Bondye bay la ak lajan. 21 Ou pa gen anyen pou wè nan travay sa a k ap fèt la, paske kè w pa dwat devan Bondye. 22 Chanje lide w sou bagay konsa. Priye Senyè a pou wè si l ta padone w dèske ou te gen vye lide konsa nan kè w. 23 Paske m wè jalouzi fè kè w anmè kou fyèl, epi tou mechanste fin tounen yon pati nan lavi w.”
24 Simon reponn: “Tanpri, m ta vle nou toulède priye Senyè a pou mwen pou anyen nan sa nou sot di yo pa rive m.”
25 Apre sa, de apot yo rann temwanyaj konsènan Senyè a. Yo pale ak pèp la sou sa Bib la di. Fini yo fini, yo tounen Jerizalèm. Sou tout wout la, yo preche Bòn Nouvèl la nan anpil vil nan tèritwa Samariten yo.
Filip ansenye yon nonm peyi Etyopi
26 Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.”
27 Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik.[b] Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. 28 Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a.
29 Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” 30 Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31 Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. 32 Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a:
“Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa,
li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li.
Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33 Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye.
Yo p ap janm pale de pitit pitit li,
paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.”[c]
34 Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale konsa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” 35 Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.
36 Pandan yo t ap vwayaje konsa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” 37 [d] 38 Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. 39 Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. 40 Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.
Sòl tounen yon disip Jezi
9 Pòl pa t sispann fè presyon pou l ta menm touye disip Senyè a. Konsa, l al kot pi gran sakrifikatè a, 2 epi li mande l lèt otorizasyon pou l al nan sinagòg Damas yo. Li te vle pou pi gran sakrifikatè a ba l otorite pou l arete tout moun li ta jwenn nan Damas k ap swiv Kris. Nenpòt kwayan li ta jwenn nan Damas, fi tankou gason, pou l arete yo mennen Jerizalèm.
3 Pandan Sòl te sou wout la, li te prèske rive Damas, lè yon gwo limyè soti nan syèl la flache Sòl. 4 Menm kote a, Sòl tonbe atè, epi li tande yon vwa ki di l: “Sòl, Sòl, poukisa ou ap pèsekite m konsa?”
5 Pòl di: “Kilès ou ye, Senyè?” Epi vwa a reponn: “Mwen se Jezi ou ap pèsekite a. 6 Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”
7 Mesye ki t ap vwayaje ak Sòl yo te kanpe la bouch be, poutèt yo tande vwa a, men yo pa t wè pèsonn. 8 Apre sa, Sòl leve kanpe. Li louvri je l, men l pa wè. Konsa, mesye yo pran men li yo mennen l antre nan vil Damas. 9 Sòl fè twa jou avèg epi li pa ni manje ni bwè anyen ditou.
10 Te gen yon disip nan vil Damas ki te rele Ananyas. Senyè a pale ak Ananyas nan yon vizyon, li di l: “Ananyas!”
Ananyas reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a di Ananyas: “Leve, ale nan ri yo rele Ri dwat la, al chache kay Jida.[e] Lakay Jida a, ou ap jwenn yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. Mesye sa a ap priye pandan m ap pale avè w la. 12 Pandan l ap priye a, li wè yon nonm nan yon vizyon ki rele Ananyas. Nonm nan antre, li mete men l yo sou li epi li wè ankò.”
13 Ananyas reponn: “Senyè, m tande deja nan bouch anpil moun kijan nonm sa a fè anpil mal kont pèp ki apa pou ou a nan Jerizalèm. 14 Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”
15 Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la. 16 Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”
17 Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou Sòl, epi li di: “Sòl, frè mwen, Senyè a voye m pou ou kapab wè ankò epi pou ou ka ranpli ak Sentespri a. M ap pale de Jezikris, sila a ki te parèt devan w sou wout ou te pran pou mennen w isit la.” 18 Menm kote a, yon bagay soti nan je Sòl tankou yon kal pwason, epi Sòl wè ankò. Apre sa, Sòl leve epi li fè yo batize li. 19 Apre te fin manje, li vin gen fòs ankò.
Sòl kòmanse ap pale de Jezi
Sòl rete Damas pandan kèk jou ankò ansanm ak disip yo. 20 San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”
21 Tout moun ki te tande mesaj Sòl la te sezi. Yo t ap di: “Èske se pa nonm sa a ki t ap eseye detwi disip Kris yo nan Jerizalèm nan? Èske se pa pou menm rezon an li te vin isit la, pou l mare disip Kris yo mennen bay chèf prèt la?”
22 Men, Sòl te vin pi maton toujou nan demontre Jezi se Mesi a, pa mwayen detay li t ap bay yo. Agiman Sòl yo te tèlman fò, Jwif ki te nan Damas yo te oblije bat ba devan l.
Sòl chape poul li anba men Jwif yo
23 Apre yon bon ti tan, kèk Jwif t ap fè plan pou touye Sòl. 24 Lajounen kou lannuit yo t ap veye pòtay lavil la pou yo te ka touye Sòl. Men, Sòl limenm te gentan pran nouvèl la. 25 Yon lè, nan mitan lannuit, kèk nan patizan Sòl yo te ede l sove kite vil la. Yo mete l nan yon panye epi yo file l desann dèyè miray lavil la.
Sòl nan Jerizalèm
26 Apre sa, Sòl ale nan Jerizalèm. Li eseye asosye l ansanm ak lòt disip ki Jerizalèm yo, men disip yo te pè li. Yo pa t kwè Sòl te tounen yon patizan Jezikris toutbon vre. 27 Men, Banabas limenm, li te aksepte Sòl epi li mennen l bay apot yo. Banabas rakonte yo kijan Sòl te wè Senyè a sou wout Damas la epi kijan Senyè a te pale ak Sòl. Anplis, li di yo kijan Sòl te preche Bòn Nouvèl Kris la nan lavil Damas avèk anpil konviksyon.
28 Konsa, Sòl rete avèk disip yo. Li t ap fè ale vini ak yo nan tout Jerizalèm ap preche nan non Kris la avèk anpil konviksyon. 29 Li te pale sitou ak Jwif ki te pale Grèk yo. Li te konn diskite ak yo. Konsa, yo t ap chache fè plan pou touye l. 30 Lè disip yo tande koze konplo pou touye Sòl la, yo mennen Sòl Sezare. Pandan l Sezare, yo voye l ale lavil Tas.
31 Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou.
Pyè nan lavil Lida ak nan Jope
32 Pyè menm t ap vwayaje nan tout rejyon ozalantou Jerizalèm. Se konsa li t al vizite kwayan[f] yo nan lavil Lida. 33 Lè l rive la, Pyè rankontre yon nonm yo rele Ene. Ene te paralize, sa te fè l pa t janm ka leve sou kabann li depi uit an. 34 Pyè di l konsa: “Ene, Jezi geri w. Leve non, ranje kabann ou.” Lamenm, Ene leve kanpe. 35 Tout moun yo ki t ap viv nan Lida ak nan plenn Sawon an te wè li, epi sa te fè yo tounen vin jwenn Bondye.
36 Te gen yon dam ki te kwè nan Jezi nan vil Jope ki te rele Tabita. Nan lang Grèk la, yo te rele l Dòkas ki vle di “Gazèl”. Li te toujou fè byen anvè tout moun epi li te konn ede pòv yo. 37 Pandan Pyè te nan lavil Lida, Tabita tonbe malad epi li mouri. Moun yo benyen kadav la epi yo mete l nan yon chanm anlè nan kay la. 38 Disip ki Jope yo te pran nouvèl Pyè te nan lavil Lida. Lida ak Jope te toupre. Konsa, disip yo voye de mesye al kote Pyè pou al di l: “Tanpri, fè vit vini prese prese!”
39 Pyè pati tousuit avèk mesye yo. Lè l rive, yo mennen l toudwat nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote Pyè nan chanm nan, yo t ap kriye. Yo montre Pyè yon bann chemiz ak rad Tabita te konn fè lè l te vivan nan mitan yo. 40 Pyè fè tout moun yo soti. Li mete ajenou, li priye. Apre sa, li vire fas li bò kote mò a epi li di: “Tabita, leve!” Epi dam nan louvri je li. Lè l wè Pyè, li leve chita. 41 Pyè ba l men pou ede l kanpe. Apre sa, Pyè rele lòt kwayan yo ansanm ak vèv yo, li montre yo Tabita byen vivan.
42 Moun toupatou nan Jope te tande nouvèl sa k te pase a, konsa anpil nan yo te mete konfyans yo nan Senyè a. 43 Apre sa, Pyè rete nan lavil Jope pandan yon bon bout tan. Li te fè ladesant lakay yon bòs tanè yo te rele Simon.
Pyè ak Kònèy
10 Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali. 2 Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan. 3 Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!”
4 Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo.
5 Kounye a, voye kèk moun al lavil Jope pou y al chache yon nonm yo rele Simon. Li gen yon ti non Pyè. 6 Li fè ladesant lakay yon lòt Simon ki limenm se yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a.” 7 Lè anj lan fin pale konsa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou. 8 Kònèy rakonte mesye yo tout sa k te pase a epi li voye yo ale Jope.
9 Nan demen, bò midi, mesye yo te prèske rive Jope lè Pyè monte sou tèt kay la pou l priye. 10 Pyè te vin grangou, li te anvi manje. Pandan yo t ap pare manje pou li, li fè yon vizyon. 11 Li wè syèl la louvri epi yon bagay t ap desann sot nan syèl la. Li te sanble ak yon gwo dra mare nan kat pwent y ap file desann sou latè. 12 Nan dra sa a, te gen tout kalite bèt kat pat, bèt ki trennen sou vant, ak tout kalite zwazo. 13 Li tande yon vwa ki di l: “Pyè, leve, touye epi manje.”
14 Men, Pyè reponn: “Non Mèt, mwen pa janm manje manje ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje mwen gen dwa manje.”
15 Lè sa a, vwa a di l ankò: “Bondye gentan rann bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje.” 16 Sa rive konsa pandan twa fwa. Apre sa, dra a tounen monte nan syèl la ankò. 17 Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an genyen. Pandan tan sa a, mesye yo te gentan jwenn kay kote Simon te ye a. Yo te gentan rive nan pòt la.
18 Yo mande: “Èske se isit la Simon yo rele Pyè a fè ladesant?”
19 Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an toujou lè Sentespri a di li: “Koute, gen twa mesye k ap mande pou ou.” 20 Leve, desann anba a epi pati ak yo. Ou pa bezwen doute anyen, paske se mwen menm ki voye yo. 21 Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?”
22 Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.” 23 Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou.
24 Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.
25 Parèt Pyè parèt nan pòt la, Kònèy al rankontre l. Li jete kò l ajenou nan pye Pyè pou l adore l. 26 Men, Pyè fè l leve. Li di l: “Leve! Se yon senp moun mwen ye.” 27 Pyè kontinye pale ak Kònèy. Apre sa li antre nan kay la epi li wè yon bann moun te rasanble.
28 Pyè di yo: “Nou konnen li kont lalwa pou yon Jwif ni asosye l ak moun ki pa Jwif ni antre lakay yo. Men, Bondye fè m konprann mwen pa gen dwa gade pèsonn kòm moun ki enpi osinon kòm moun ki pa nan kondisyon pou l sèvi Bondye. 29 Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.”
30 Lè sa a, Kònèy di: “Sa fè kat jou, m t ap priye lakay mwen, nan menm lè sa a, twazè apremidi. Sanzatann konsa, mwen wè yon nonm ak yon rad byen klere sou li kanpe devan m. 31 Li di m: Kònèy, Bondye tande priyè w. Li wè tout byen ou fè pou pòv yo tou. Li sonje w ak tout sa w fè. 32 Voye kèk moun nan lavil Jope al chache Simon yo rele Pyè a. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon, yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a. 33 Menm kote a, mwen voye chache w. Li byen bon ou vini. Kounye a, men nou tout la devan Bondye. Nou pare pou n koute tout sa Senyè a pase w lòd di nou.”
Diskou Pyè lakay Kònèy
34 Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun. 35 Li aksepte tout moun ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat, nan kèlkeswa nasyon yo soti. 36 Bondye te pale ak pèp Izrayèl la. Li fè yo konnen Bòn Nouvèl la ki di lapè a vini nan Jezikris. Jezikris sa a se Senyè sou tout moun.
37 Nou konnen kisa k te rive nan tout rejyon Jide a. Bagay sa yo te kòmanse nan Galile apre Jan te fin preche batèm repantans lan. 38 Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.
39 Nou te temwen tout sa Jezi te fè nan tout rejyon Jide a ak nan Jerizalèm. Malgre sa, yo touye l epi yo mete l sou yon kwa ki fèt an bwa. 40 Sou twa jou, Bondye resisite l epi li fè moun wè l vivan ankò. 41 Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.
42 Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo. 43 Tout pwofèt yo te gentan pwofetize pawòl sa a konsènan Jezi: Nenpòt moun ki mete konfyans li nan Jezi ap resevwa padon pou peche l yo, grenmesi puisans non Kris la.”
Bondye montre li aksepte tout moun
44 Pyè t ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t ap tande l yo. 45 Kwayan Jwif ki te soti Jope ansanm ak Pyè yo te sezi wè don Sentespri a desann sou moun ki pa Jwif yo tou. 46 Paske yo te tande moun yo ap pale divès lang epi yo t ap fè lwanj pou Bondye. Lè sa a Pyè di: 47 “Kilès ki ka anpeche moun sa yo batize nan dlo, poutèt yo resevwa Sentespri a menm jan avèk nou?” 48 Epi Pyè bay lòd batize yo nan non Jezikris. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.
Pyè retounen Jerizalèm
11 Apot yo ansanm ak kwayan nan Jide yo te pran nouvèl jan moun ki pa Jwif yo te aksepte Bòn Nouvèl Bondye a. 2 Men, lè Pyè monte Jerizalèm, kèk nan kwayan Jwif[g] yo tonbe kritike l. 3 Yo di l: “Ou antre lakay yon bann moun ki pa sikonsi, epi ou menm manje ansanm ak yo tou!”
4 Konsa, Pyè eksplike yo tout istwa a nèt an detay. Li di konsa: 5 “Se nan lavil Jope mwen te ye, epi pandan m t ap lapriyè, mwen fè yon vizyon. Mwen wè yon bagay ki t ap desann vin jwenn mwen. Li te tankou yon gwo dra mare nan kat pwent ki t ap glise desann sot nan syèl la. Bagay la rive toupre m. 6 Lè m gade ladan l, mwen wè tout kalite bèt kat pat, bèt sovaj, bèt ki trennen sou vant, ansanm ak zwazo. 7 Epi m tande yon vwa ki di m: Pyè, leve! Touye epi manje!
8 Men mwen reponn: M pa ka fè sa, Senyè. M pa janm manje anyen ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje m gen dwa manje.
9 Men, vwa a pale ankò nan syèl la li di: Bondye gentan fè bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje!
10 Sa rive pandan twa fwa, apre sa bagay la tounen monte nan syèl la. 11 Epi se konsa vin gen twa mesye ki kanpe devan pòt kay kote m te fè ladesant lan. Yo te voye yo soti Sezare vin chache m. 12 Sentespri a di m pou m ale avèk yo san m pa doute. Sis frè sa yo te ale avè m lakay Kònèy tou. 13 Kònèy menm rakonte nou kijan l te wè yon anj kanpe devan l anndan lakay li. Zanj lan di l: Voye kèk moun ale Jope al chache Simon, sila a yo rele Pyè a. 14 Pawòl Simon va di w yo ap ede w sove ansanm ak tout moun k ap viv lakay ou.
15 Lè m te kòmanse pale, Sentespri a desann sou yo menm jan li te desann sou nou nan kòmansman an.[h] 16 Epi m vin sonje pawòl Senyè a te di a: Jan batize moun nan dlo, men nou menm nou gen pou n resevwa batèm nan Sentespri a. 17 Konsa, Bondye bay moun sa yo menm kado li te ban nou an lè nou te mete konfyans nou nan Jezikris. Ki lès mwen ye, pou m ta nan kenbe tèt ak Bondye?”
18 Lè kwayan Jwif yo tande pawòl sa yo, yo sispann kritike Pyè epi yo fè lwanj pou Bondye. Yo di: Kidonk Bondye pèmèt menm moun ki pa sikonsi yo repanti pou yo ka gen lavi li bay la.
Bòn Nouvèl la rive Antyòch
19 Kwayan yo te gaye toupatou poutèt pèsekisyon k te kòmanse, lè yo te touye Etyèn nan. Gen ladan yo ki te al jouk Fenisi, Chip ak Antyòch. Malgre sa, nan tout kote sa yo, yo t ap pwoklame mesaj la bay Jwif yo sèlman. 20 Kèk nan kwayan sa yo ki te moun Chip ak Sirèn te ale Antyòch. Lè yo rive la, yo preche moun ki pa Jwif yo[i] Bòn nouvèl Jezikris la. 21 Pouvwa Bondye te akonpanye mesye yo. Konsa, anpil nan moun sa yo te kwè epi yo te deside swiv Senyè a.
22 Lè nouvèl la tonbe nan zòrèy moun yo nan legliz Jerizalèm, yo voye Banabas ale Antyòch. 23 Lè Banabas rive Antyòch, li te wè kijan Bondye t ap beni kwayan yo. Sa te fè l kontan anpil. Li ankouraje yo tout pou yo kenbe fèm epi sèvi Senyè a ak tout kè yo. 24 Banabas sa a, se te yon bon moun. Li te gen anpil lafwa epi l te toujou anba pouvwa Sentespri a. Epi anpil lòt moun te vin disip Senyè a.
25 Apre sa, Banabas ale lavil Tas, l al chache Sòl. 26 Lè l jwenn li, li mennen l vin Antyòch. Banabas ak Sòl pase yon ane ansanm nan legliz la. Yo te toujou reyini ak legliz la epi yo te anseye anpil moun. Se nan Antyòch yo te premye rele disip yo kretyen.
27 Nan lè sa a tou, kèk pwofèt te soti Jerizalèm vini Antyòch. 28 Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè). 29 Konsa, kwayan nan legliz Antyòch yo te deside chak moun t ap bay sa yo kapab pou ede frè ak sè nan Kris yo ki t ap viv nan rejyon Jide a. 30 Yo ranmase don an epi yo konfye Banabas ak Sòl li pou pote bay lidè fanmi yo nan Jide.
Plis pwoblèm toujou pou kwayan yo
12 Nan menm lè sa a tou, wa Ewòd te kòmanse pèsekite kèk manm nan legliz la. 2 Li pase lòd pou yo koupe tèt Jak, frè Jan an ak nepe. 3 Lè Ewòd wè Jwif yo te pran plezi nan sa l te fè a, li fè arete Pyè tou. Sa te pase nan epòk fèt Pen san ledven an. 4 Lè l fin arete Pyè, li fè mete l nan prizon. Li mete kat eskwad; chak eskwad yo gen kat sòlda ladan yo. Sa fè sèz sòlda antou pou veye Pyè nan prizon an. Ewòd te fè plan pou mennen Pyè vin jije devan pèp la apre fèt Pak Jwif yo. 5 Pyè te nan prizon se vre, men legliz la pa t sispann priye Bondye pou li.
Pyè soti nan prizon an
6 Lavèy jou Ewòd te fè plan pou mennen Pyè devan pèp la, Pyè t ap dòmi nan mitan de sòlda, nan mitan lannuit la. Yo te mare Pyè ak de chenn epi te gen lòt sòlda toujou ki t ap veye pòt prizon an. 7 Sanzatann konsa, yon anj Bondye parèt, epi gwo limyè klere kacho a. Zanj lan manyen Pyè bò kòt li, li souke l pou l reveye, epi anj lan di l: “Leve vit!” Chenn ki te mare men Pyè yo tonbe. 8 Zanj lan di l ankò: “Mare sentiwon w epi mete sandal ou nan pye w!” Pyè fè sa anj lan di l fè a. Apre sa, anj lan di l: “Mete manto w sou ou epi swiv mwen.”
9 Zanj lan soti kite prizon an, Pyè menm ap swiv li. Pyè pa t rann li kont si sa anj lan t ap fè a te reyèl. Li te panse li te nan yon vizyon. 10 Pyè ansanm ak anj lan pase premye pòs gad la, apre sa yo pase dezyèm nan. Lè yo rive devan pòtay an fè ki bay sou lavil la, pòtay la louvri poukont li devan yo epi yo soti. Apre yo mache nan lari a rive sou yon lòt lari, anj lan disparèt.
11 Lè Pyè reyalize sa k pase a, li di nan kè l: “Kounye a m sèten Senyè a voye anj li toutbon vre vin delivre m. Li delivre m ni anba men Ewòd, ni anba tout move bagay Jwif yo t ap atann rive m yo.”
12 Lè Pyè wè li deyò toutbonvre, li ale tou dwat lakay Mari, manman Jan, jen nonm yo te konn rele Mak la. Anpil moun te rasanble lakay Mari, yo t ap priye Bondye. 13 Pyè frape nan pòt devan an, epi yon sèvant yo rele Wod vin reponn. 14 Lè Wod reyalize se vwa Pyè, li sitèlman kontan li bliye louvri pòt la. Okontrè, li kouri antre al di gwoup ki t ap priye a: “Men Pyè devan Pòt la wi!” 15 Men, moun yo di sèvant lan: “Ou genlè fou!” Sèvant lan menm kontinye plede ak yo. Lè sa a, yo di: “Genlè se bonnanj Pyè!”
16 Pyè menm pa t sispann frape pòt la. Lè kwayan yo louvri pòt la, yo wè se Pyè, yo pa t manke sezi. 17 Pyè fè yon sin ak men l pou fè moun yo pe, epi li rakonte yo kijan Bondye te fè l soti nan prizon an. Li di yo tou: “N a di Jak ansanm ak lòt frè yo sa k pase a.” Apre sa, li soti, l ale yon lòt kote.
18 Nan demen maten, gad yo te twouve yo nan gwo tèt chaje. Yo t ap poze tèt yo kesyon: “Ki kote Pyè pase?” 19 Ewòd fè chache Pyè toupatou, men yo pa t jwenn li. Li fè poze gad yo kesyon, epi l pase lòd pou yo touye yo.
Lanmò Ewòd Agripa
Apre sa, Ewòd kite Jide, l al viv nan lavil Sezare pandan kèk tan. 20 Ewòd te fache kont moun lavil Tir ak lavil Sidon yo anpil. Men, se nan wayòm Ewòd la pou moun Tir ak Sidon yo te vin fè pwovizyon. Konsa, yon gwoup nan yo ale kote wa a pou mande l lapè. Gwoup sa a te fè yon jan fè Blastis vin zanmi yo; Blastis se te ofisye ki t ap travay lakay Ewòd menm.
21 Lè jou Ewòd te deside pou l rankontre yo a te rive, Ewòd abiye ak bèl kostim wayal li, li chita sou twòn li epi li fè yon diskou devan yo. 22 Pèp la tonbe rele byen fò, yo di: “Sa se vwa yon dye, se pa vwa yon moun.” 23 Ewòd te dakò pran glwa a pou li, li pa t bay Bondye glwa a. Poutèt sa, yon anj Bondye te fè l tonbe malad. Vè manje l, epi l mouri.
24 Bòn Nouvèl Bondye a menm t ap kontinye gaye. Li t ap touche plis moun.
25 Apre Banabas ak Sòl te fin akonpli misyon yo, yo soti Jerizalèm, yo tounen Antyòch.[j] Yo te pran Jan, jen nonm yo abitye rele Mak la, pou vini avèk yo.
Footnotes
- 8:5 Filip Sa a se pa menm Filip ki te apot la.
- 8:27 yon enik Yon Enik se te yon moun ki te konsakre pou sèvi wa osinon rèn nan pòs kote yo te bezwen moun yo kapab fè konfyans anpil.
- 8:32-33 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:7-8.
- 8:37 Kèk nouvo kopi sou Travay Apot yo ajoute vèsè 37 la: Filip reponn: “Si ou kwè ak tout kè w, li posib pou ou batize.” Enik la di: “Mwen kwè Jezikris se pitit Bondye a.”
- 9:11 Jida Jida sa a, se pa apot ki te rele Jida a.
- 9:32 kwayan Literalman, “moun ki sen yo”, se te yon non pou moun ki kwè nan Jezi. Men bagay nan vèsè 41.
- 11:2 kwayan Jwif Literalman, “moun sikonsizyon yo”. Sa kapab vle di Jwif ki te panse tout disip Jezi yo te dwe sikonsi epi obeyi ak sa Lalwa Moyiz la te di. Gade nan Gal 2:12.
- 11:15 kòmansman an Jou Pannkot la ki nan Travay 2, lè Sentespri a te vini sou premye disip Jezi yo pou ba yo pouvwa pou yo kòmanse travay yo pou preche nan lemonn antye Bòn Nouvèl delivrans lan ki nan Jezi a.
- 11:20 moun ki pa Jwif yo Literalman, “Elenis yo”, ki vle di moun kilti ak koutim Grèk yo te enfliyanse. Kèk kopi nan lang Grèk rele yo “Grèk” kareman.
- 12:25 yo tounen Antyòch Kèk ansyen kopi nan lang Grèk genyen “yo tounen Jerizalèm”.
Copyright © 2017 by Bible League International