Add parallel Print Page Options

32 Ki lòt egzanp pou m ta bay ankò? Mwen pa gen ase tan pou m pale de Jedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl, ak tout lòt pwofèt yo. 33 Yo tout te gen lafwa nan Bondye. Yo te gen laviktwa sou lame lòt peyi. Yo te fè sa ki dwat devan Bondye, konsa Bondye te ede yo jan l te pwomèt sa. Kèk nan yo fèmen bouch lyon. 34 Gen lòt ki etenn gwo dife. Gen lòt ankò ki chape anba lanmò kout nepe. Genyen ki te fèb men ki vin fò. Yo vin gen fòs pou yo batay, yo kouri dèyè lame lènmi yo.

Read full chapter