Font Size
Ebre 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Ebre 2:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Li di:
“Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo.
M ap chante louwanj ou devan tout moun.”[a]
13 Li di ankò:
“M ap mete konfyans mwen nan Bondye.”[b]
Epi li di:
“Men mwen ak tout pitit Bondye ban mwen yo.”[c]
14 Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, konsa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International